3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Retour

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou mwen ki leve an Ayiti, mwen souvan tande moun di sa. Fenomèn se fanm ki ap regle tout bagay nan kay la egziste nan anpil peyi. Twa papa ki soti Matinik, Benen ak Ayiti ap di nou kijan yo konprann kesyon fè travay anndan kay la.

* Version en français disponible ici.

Lè m te piti lakay paran m an Ayiti, mwen te konn ap gade fason yo te konn fonksyone. Papa m ak manman m se te moun ki te konn leve granmmaten pou yo al vann komès yo lavil la. Lè sa nou te rete Kafou. Sa ki te konn atire atansyon m se ke malgre yo tou lè de te dwe kite kay la nan menm lè nan maten, maman m te dwe reveye pi bonè ke papa m, bò zòn 4 trè di maten konsa pou li te ka gentan prepare manje pou nou manje. Se yon bagay ki nòmal ke se fi a ki pou fè manje, fè travay nan kay ak pran swen timoun yo. Mwen te toujou reve pou m viv menm jan ak manman m lè m vin granmoun lakay mwen. Nan epòk sa, mwen pat ka imajine ke mond lan ta ka gen pou li vin chanje.

Vin wè bagay yo yon lòt jan

Se vre ke fason sosyete a ap evolye a fè ke papa yo vin plis enplike yo nan fanmi yo nan dènye ane sa yo. Fenomèn sa plis fè sans nan peyi an oksidan yo kote prèske pa gen diferans ant wòl fanm ak wòl gason. Sa pa anpeche nan kèk peyi  ki sou wout devlopman pratik yo pa chanje nan majorite fanmi. Kèk papa ki te viv nan kilti sa yo konn santi yo choke lè yo rive Kebèk. De tout fason, yo oblije aprann viv ak valè ke yo jwenn nan sosyete ki resevwa yo a.

Nan kèk peyi nan kontinan afriken oubyen an Ayiti, patisipasyon gason yo nan fanmi an poko fèt yon fason ki egal. Anpil fwa maman yo konn rive jwenn lòt moun pou ede yo fè sa yo gen pou fè nan kay la. Sa ki fè papa yo konn jis kontante yo al travay pou pote kòb manje nan kay la.

Aubin ki soti Benen, Gérald ki soti Matinik ak Jean-Rémy ki soti Ayiti twouve ke se yon bon bagay ke yo ka enplike yo nan travay kay la. Se vre ke lè yo te nan peyi yo, yo pat konn nan fè bagay sa yo, men yo pat pran tan pou yo te rive anbrase reyalite yap viv Kebèk la.

Kle pou sa mache byen nan kay la se kolaborasyon

Aubin ki se papa 3 timoun santi se yon jwa pou li ka bay kout men nan fè travay kay la. Se pat yon bagay li te konn fè avan lè l te nan peyi li. «Isi a mwen twouve li toutafè nòmal pou m patisipe nan kèk aktivite nan kay la. Mwen fè l ak anpil lanmou ak lajwa paske mwen twouve sa fè m gen bon jan relasyon ak madanm mwen e sa fè nou youn fonn nan lòt».

Gérald ki se papa 5 timoun nan yon fanmi rekonpoze twouve ke li byen fet patisipe nan travay kay la paske sa bay madanm li plis tan pou li ka pran swen tèt pal li menm. «Lè m te vin Kanada, sa pat deranje m pou te mete rad yo nan machin pou lave, pou m fè manje. Okontrè mwen wè se yon fason pou m kite madanm mwen repoze l. Pou tout bon pa gen anyen ki konplike pou fè nan yon kay. Tout bagay la se volonte pou w genyen.»

Jean-Rémy ki se papa 4 timoun ap rakonte: «Lakay mwen, nou pataje sa nou gen pou nou fè. Sa pat janm pwoblèm pou mwen enplike m nan fanmi an, paske lè m te Ayiti maman m te aprann mwen fè kèk bagay. Mwen pa two fò, menm ka debouye m. Si map fè manje gen yon bagay m pa ka fè, mwen rele manman m mande eksplikasyon. Lakay la anpil fwa se mwen ki prepare soupe.»

Pataje responsablite yo fè tout moun santi yo byen

Nan kèk fanmi ke konn pale, mwen remake pataj tach fanmi an pa fet de fason egal paske manman nan fanmi sa yo toujou plis pare pou jere sa ki gen pou fèt nan kay la. Men a fos ke mari yo kòmanse ap enplike yo patisipasyon yo komanse ap ogmante. Aubin ki te konn panse ke fè travay anndan kay se te bagay ki te rezève pou fanm, rive fè yo san pwoblèm kounyea. Se te byen pou li ke manman l te aprann li fè manje, pase rad, elatriye. Li rakonte nou «Sa ki ede m se ke mwen te aprann fè bagay sa yo lèm te jèn gason, pa egzanp nan wikenn se mwen ki fè manje lakay la.» Si li te konn panse ke bagay sa yo se fanm ki te dwe fè yo, kounyea li di, li fè yo san li pa gen ankenn konplèks paske sa pa fè li pa gason pou sa. Nan peyi li Benen, sa tap enposib pou li ta patisipe nan fè travay kay paske zanmi li yo tap fawouche l. Li te pwofite ba nou ti blag sa: «Laba si ede madanm ou, lòt nèg yo ap di fi a pran w nan maji.» Akoz tout bagay sa yo li te prefere pa enplike nan travay kay.

Li pa fasil pou fè yon bagay ke w konnen si w fèl lot moun pral jije w non. Gérald rakonte nou ke li te di yon zanmi ayisyen kap viv Kebèk ke li konn patisipe nan fè travay nan kay la, men zanmi sa twouve sa pa fè sans ke yon gason ap fè bagay sa yo. Se bagay fanm dwe fè. Li menm li pa ladan.

Papa sa yo ke m te rankontre santi se yon fyète pou yo ale mennen timoun yo nan aktivite pou yo rekreye yo. Pou yo se yon okasyon pou pase bèl moman ak yo. Sa ede yo ranfòse lyen yo ak yo.

Yon mari ki enplike l pou yon vi ansanm ki gen ekilib

Se ak anpil kè kontan mwen te resevwa temwayaj 3 papa sa yo ki fèm panse ak mari m. Mwen te pale de fason mwen te konprann wòl fi nan kay lè m te piti. Jodia mwen pa nan yon fwaye ki sanble ak sa m te viv kay paran m. Se vre ke mari m pat konn plede patisipe nan fè travay kay lè l te kay paran l, men li pat janm konn panse menmn jan ak kèk gason m konn tande kap pale, ki konprann ke gen de bagay se fanm ki dwe fè yo. Patisipe nan fè travay lakay la se yon bagay ki nòmal pou li. Lakay la se li anpil fwa ki al fè mache, ki lave ak pliye rad yo. Li konn fè manje tankou: diri kole, diri blan ak sòs pwa, spageti, banann peze, poul fri, elatriye. Li pa renmen pase bale oubyen mop, men sa pa deranje m. Nou eseye jwenn yon ekilib nan fason nou pataje tach nou santi nou pi alèz ak li. Mwen sonje lèm te ansent tifi m nan, Maya, mari m te deside pran plis jou konje malgre ke li te konnen kòb kap rantre nan men nou ta pral diminye. Pou jere sa nou te mete de kote kèk depans ki pa enpòtan paske pran swen de madanm li ki te fenk fin akouche te pi enpotan pou li. Sa fè ke lè Maya te fèt li te gen chans jwenn papal bò kote l pandan tout premye ane lavi l. Se te pi bèl bagay nou te ka fè, lè n te pran desizyon sa.

Yon modèl ki ta dwe aplike tout kote

Mwen santim telman kontan paske m pa gen pou m kase tèt mwen pou okipe m de tout sa kap fèt nan kay la. Pa gen pi bèl bagay ke yon madanm ta ka genyen, se yon mari ki ta ka pran swen kay li kòm sa dwa. Mwen kwè ke tout fanm ta renmen viv nan yon fwaye ki gen ekilib. Papa sa yo ke m te rankontre konsyan de reyalite sa, se sak fè yo twouve ke yo pa ka pa pran responsablite yo. Yo santi yo byen paske yo fè pati de yon sosyete kote yo bay valè a patisipasyon papa yo nan fwaye yo.

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

Blogue

Journée internationale des femmes: touchants témoignages de l’équipe d’Aidersonenfant.com

Nous profitons de cette journée toute spéciale pour rendre hommage aux femmes qui ont marqué notre éducation ou celle de nos enfants. Des femmes de…
11 à 6 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…
6 à 17 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.

Blogue

Partage des tâches familiales: 3 papas immigrants témoignent

Les tâches ménagères c’est l’affaire des femmes, les hommes n’ont rien à voir là-dedans. Avez-vous déjà entendu quelqu’un répéter cette phrase? Ayant vécu en Haïti,…
8 à 6 ans

Article

Médicaments à la maison: comment éviter les intoxications

Que ce soit pour soigner une otite, un vilain rhume ou toute autre maladie, quelle maison n’a pas sa pharmacie personnelle? Mais comment protéger nos…