Antanke imigran e si nou ta aprann renmen ivè!

Retour

Pou moun ki soti nan peyi kif fè cho, li enpòtan pou adapte w ak tanperati peyi kote wap viv la ki fè frèt, pou fè pati de bagay wap gen pou adapte ak li. Ou ka chanje ivè a an yon paradi gras ak kèk aktivite ou ka fè pandan tan sa. Ann gade kèk nan yo avèk Olmaille.

* Version en français disponible ici.

Youn nan sè m yo ki Ayiti ki rele m pou li mande m kòman map boule ak fredi a kote m ye a.

«Mwen di li sa pa pi mal ke sa ane sa, pou jodia li fè -6 degre. Mwen santi m vrèman byen.»

Epi li di m: «kijan w ka fè di li fè -6 ou santi w byen, poutan lè li fè zewo degre dlo tounen glas?»

«Lè wap viv nan yon peyi kote tanperati a ka desann jis nan -20 degre, ou pa wè bagay yo menm jan e lè l nan -6, ou di ou sove.»

Pou imigran ki soti nan peyi ki fè chalè yo se youn kesyon ke yo toujou ap poze yo. Fanmi yo ki rete nan peyi kote yo santi a konn ap mande yo kijan yo jere fredi a. Lè w sòti nan yon peyi kote nan pi fò tan nan ane a tanperati a rete nan mitan 25 jiska 30 degre, sa ka on ti jan difisil pou viv nan yon peyi tankou Kanada.

Se domaj pou anpil nan nou, sa nou souvan fè se rete kache anndan kay pandan peryod ivè a. Nou sòti deyò sèlman pou nou ka ale travay, nan mache, ale lekòl, mennen pitit nou nan gadri. San sa nou rete nan kay la ak chofaj nou byen fò. Nou pa vrèman pran nan mache nan lari.

Lè map panse ke pandan prèske tout ane a tanperati a ap rete nan mitan 0 jiska -20 degre, mwen rann mwen kont nap pase yon bann pati nan vi nou deprime pandan nap tannn kilè pou ete a rive.

Kisa peryod ivè a ka pote de bon pou nou?

Meyè bagay nou ka fè se panse ak tout aktivite nou ta kapab pratike pandan epòk sa. Gen kèk eksperyans moun ka viv sèlman nan peyi kote nèj ap tonbe. Sam renmen nan Kebèk se paske nou gen posibilite pou nou wè tout kat sezon nan ane a. Kèk lot kote sou planèt la se sèlman ete ki genyen. Tout moun ki ta renmen viv eksperyans sezon ivè a fòk se kòb pou yo ta genyen pou yo ale nan peyi kote ki genyen l. San pa sa yo ka jis kontante yo gade nèj nan televizyon oubyen anndan frizè lakay yo.

Kounyea si m gen posibilite pou jwi privilèj sa, poukisa pou m pa pwofite de li!

Pou yon moun ki rive Kebèk nan granmoun sa ta sanble nòmal pou li pa santi li alèz pou sòti deyò lè li fè frèt. Mwen konprann ke sa mande yon ti tan pou ou ta abitye ak fredi a, men se pa menm bagay pou timoun nou yo, se pou nou kite yo jwi de ivè a. Anpil fwa swa yo fèt oubyen yo te vini tou piti isi a, sa vle di yo pa wè fredi an menm jan ak nou ki granmoun.

Tout plèzi nou ka jwenn an ivè

Rive adapte nou ak klima ta vle di nou kapab santi nou byen menm nan moman ki pi fè frèt nan mitan ane a. Gen mwayen pou nou rive pran plèzi nou menm nan peryod frèt yo. Nou ka mare kòkòday nou ak sezon sa.

Mwen fenk tonbe sou yon seri aktivite moun ka fè nan peryod sa. Nou ka pwofite rejwi ak fanmi oubyen zanmi nou. Se vre nou ka fè ivè a tounen yon bèl epòk pou nou. A la bèl sa bèl lè wap kontanple yon seri espas ki kouvri ak nèj. Mwen twouve sa ekstraòdinè!

Glisad: ou pa bezwen yon pwofesyonèl pou fè li!

Glisad la se yon aktivite nenpòt moun ka pratike, se yon bagay ou ka aprann fè nan yon bat je. Menm mwen menm ki pa konn anyen kapab rive fèl. Byento mwen pral kòmanse al fè aktivite sa. Eskè w vle ale ak mwen?

Patine: li pa janm twò ta pou ou aprann fè l!

«Eske mwen ki fin granmoun ka aprann sa tou? Mwen pa fin kwè map kapab non. Men se yon bagay ou ka aprann m panse. Ma pral esye kanmenm epi ma va baw nouvèl.»

«Bonhomme de neige»: nou ka aprann fè yo!

Apa yo te konn òganize konkou «bonhommes de neige» Monreyal. Mwen imajine ke se yon aktivite ki pote anpil lajwa. Mwen ta byen renmen patisipe nan konkou sa, men lafwa dènye mwen tap gade poum wè sim ta ka fè youn m pat rive fè li non. Se petèt yon bon okazyon pou m ta aprann fè l. Ou pa janm konnen m ta ka byen genyen nan konkou sa!

Batay nèj: yon konpetisyon pou pa rate!

Kisa ki pi bel ke tire nèj youn sou lòt. Jou ki te 5 janvye pou premye fwa mwen ak tifi m nan ki gen 3 zan, te fè yon batay nèj. Se li menm ki te aprann mwen fè sa. Li te tèlman kontan lè l tap tire boul nèj yo dèyè m. Mwen depi m rantre isi a mwen ak fredi pat janm zanmi alewe poum ta nan jwe ak nèj. Maya si tèlman renmen sa, m panse fòk mwen mennen l jwe pi souvan nan nèj la. Pandan map pale a, m sonje lèm voye videyo Maya pou manman an Ayiti. Li di m:

«Mamaille, poukisa w kite timoun nan ap jwe nan nèj la konsa. Wap fè li malad.»

«Pa fatige w manmi, li pap gen anyen. Okontrè lap byen pran plèzi li la.»

M pa kache di nou, menm jan ak manman m te on jan pè tou wi pou Maya pat gripe lè m kite li ap jwe nan fredi a.

Anpil lot bèl aktivite nou ka fè

Nan mwa fevriye 2019, m te etone lè m tap gade bèl foto, Thérèse, yon zanmi aisyèn mwen genyen ki te vini isi a menm lè avè m tap montre m. Li te al vizite «hotel de glace» ki Kébek. Yon espas ki fèt ak nèj.

«Thérese, ou serye, yon kote ki fèt ak nèj epi moun ka dòmi ladan, se vre? Moun yo pa santi fredi anndan l?»

«Wi, Olmaille, bagay sa tèlman bèl! M konseye w ale vizite l.»

«Genyen lòt aktivite tankou kèk festival ou ka al gade tou: «Montréal en Lumière, Igloofest, la Fête des Neiges», elatriye. Fòk ou souke kò w, gen anpil bèl bagay ou ka fè an ivè. Kòm gen konfinman kounyea m pa kwe lap posib pou fè sa ane sa. Mwen swete lòt ane wap ka patisipe.»

«Ou gen rezon fòk mwen manyè leve pye m!»

Si lontan ivè se te yon enmi pou mwen, m pa ta renmen li konsa pou pitit mwen. Fòk li kapap pran tout plèzi li nan moman sa. Li dwe ka pratike ski, patinaj, «hockey» ak lòt aktivite ivè.

Tankou yon bon tas kafe oubyen chokola cho nan kòmansman jounen an, pwofite de aktivite an ivè yo pou nou rechofe kè nou.

Viv peryod ivè a!

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

8 à 6 ans

Article

Médicaments à la maison: comment éviter les intoxications

Que ce soit pour soigner une otite, un vilain rhume ou toute autre maladie, quelle maison n’a pas sa pharmacie personnelle? Mais comment protéger nos…
6 à 17 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.
11 à 6 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…

Blogue

Partage des tâches familiales: 3 papas immigrants témoignent

Les tâches ménagères c’est l’affaire des femmes, les hommes n’ont rien à voir là-dedans. Avez-vous déjà entendu quelqu’un répéter cette phrase? Ayant vécu en Haïti,…

Blogue

3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou…