Aprann pitit ou otonòm, yon eksperyans ki gen anpil richès

Retour

«Non manman, mwen vle mete rad sou mwen pou kont mwen. Mwen gran kounyea», se sa Maya dim lèm vle ede li mete rad sou li. A 3 zan, li gentan panse li kapab debouye l pou kont li. Se vre, timoun yo gen kapasite pou yo fè kèk bagay senp pou kont yo tou depan de laj yo. Nou kapab ede yo vin otonòm si nou pa fè nan plas yo sa yo ta dwe fè. Nan atik sa mwen pataje avèk nou kòman mwen ede ti pitit mwen an pou li kapab vini otonòm.

* Version en français disponible ici.

Mwen raple m konbyen sa te difisil pou mwen te rive adapte m lè m te vini Kanada nan lane 2017. Lè m tap leve kay manman m an Ayiti, mwen te toujou wè se li menm ki te toujou ap trakase l pou li okipe tout bagay nan kay la. Men kounya li pa la pou li kapap ede m, se mwen ki pou degaje m fè tout afè m pou kò m. Mwen te on jan mare lè pou m fè yon bagay. Okipe de kay ak pran kèk lòt responsabilite pat twò fasil pou mwen. Bagay sa te trakase lespri m anpil. Jounen jodia mwen vin wè konbyen sa enpòtan pou nou aprann timoun yo fè kèk travay pou kont yo depi yo tou piti.

Di fòk timoun yo vin gen otonomi nan Kebèk ta sanle pa fin fè twòp sans paske depi timoun nan rantre na gadri se premye bagay yo kòmanse montre l. Men èske nou te panse ke bagay sa chak fanmi wè li on jan diferan?

Lanmou nan mitan twòp pwoteksyon

Mwen se dènye pitit manman m. Pandan mwen tap grandi avè l, mwen te ka santi kijan li renmen m. Li se yon manman ki pa gen parèy, li toujou vle wè jan pitit li ap grandi byen. Men gen yon bagay mwen te remake lè m te vin pi gran, se ke manman m te konn montre m lanmou l pou mwen pandan li tap eseye banm anpil pwoteksyon san li pat rann li kont. Li te panse si li fè nan plas mwen sa m te kapab fè se yon fason pou li te montre nivo lanmou li pou mwen. Lakay la mwen te gen kòm responsablite okipe m de afè lekòl mwen. Lè m vin kòmanse travay, enben se te al travay epi manman li menm pou li pran tout swen kay la.

Eske sa te yon bon bagay? Eske li te konsyan de konsekans sa te ka gen sou mwen lèm vin granmoun? Mwen pa panse li te konprann sa! Li te jis vle wè mwen viv yon vi ki byen, san panse sa te ka pa bon pou mwen pi devan.

Otonomi, yon bagay nou ka aprann!

Lè pitit mwen an te kòmanse al nan gadri li  te genyen 5 mwa. Lè l te gen 8 mwa, edikatris li yo te gentan ap aprann li manje pou kont li. Yo te konn fè l eseye wè si li ta mete kiyè li nan bouch li pou kont li. Lè li te vin genyen 18 mwa, li te dwe ka alèz pou li manje pou kont li san yo pa ede l. Lè mwen rakonte manman m istwa sa, li te sezi tande sa, li pa ka kwè pou yo kite yon tibebe ap manje pou kont li. Pou jis jounen jodia li toujou rete ak menm sansibilite li te genyen depi lè li tap leve m nan. Li toujou ap dim, li pa ka tann pou li vini wè m Kanada, pou li ka ede m fè kèk travay nan kay, pran swen pitit mwen an, konsa ma jwenn on ti tan pou m repoze m. Mwen imajine ke paran oubyen gran paran tankou manman m yo egziste jounen jodia toujou!

Sa ke mwen aprann de eksperyans mwen

Mwen rive konprann ke nosyon otonomi an se yon bagay ke ou dwe devlope lakay pitit ou tout pandan lap viv. Sa ap ede li pran kontwòl sou lavi l, kenbe estim ak konfyans nan tèt li. Yon timoun otonòm pi alèz pou li pran kèk dezisyon nan lavi.

Kite lakay manman m pou m vin viv Kanada, aprann mwen pou m aprann pran kèk reponsabilite pou kont mwen. Sa pat fasil, men jodia an mwen kapab di gen gwo chanjman. Jan mwen wè sa te konplike pou mwen pran responsablite ki gen rapò ak kay, m pa ta vle pitit mwen viv menm sitiyasyon sa lè l vin gran. Poutèt sa mwen kòmanse depi l tou piti ba li kèk responsablite. Mwen pa gen dout ke lap aprann sa nan gadri a, men se yon bagay ke m dwe kontinye fè lakay avè l.

Kèk bagay mwen fè pou mwen ede Maya devlope otonomi li

  • Mwen ba li kèk responsablite ki gen rapò ak laj li, tankou mande li pou li ranje pè chosèt li yo.
  • Mwen  felisite li lè li deside fè yon bagay pou kò l, tankou retire asyèt yo sou tab la lè nou fin manje san ke mwen pa mande l sa.
  • Mwen remèsye li lè li rann mwen yon ti sèvis.
  • Mwen mete l nan sitiyasyon pou li pran desizyon tankou mande li chwazi istwa li ta renmen mwen li pou li nan aswè.
  • Mwen pa fòse l fini vit lè lap kolorye desen li yo.
  • Dèfwa mwen kite li chwazi rad li vle mete e kite li abiye pou kont li.
  • Kèk fwa mwen fè li patisipe avèm nan prepare manje oubyen nan fè travay nan kay la.

Yon timoun se tankou yon eponj, li gen kapasite pou li kenbe sa nou aprann yo. Nou menm paran nou ta dwe pwofite de moman sa nan lavi yo pou nou kapab anseye yo baz otonomi. Avrèdi, lè nou kòmanse pwosesis sa, li mande fok nou gen anpil pasyans. Lè Maya deside lave asyèt yo, mwen gen de lide kap pase nan tèt mwen, youn se kite l fèl, lòt la se pa kite l fèl. Nan moman sa mwen dwe tann pou m gade tout dlo lap kite koule atè a. Lè konsa fòk mwen ka tande ti vwa sa anndanm kap dim: Olmaille, poze w jis asire w ke mòp ou bò kote w tande paske pral gen dega. Kite l fè travay li.

Se vre jodia lè map fè prese m ka vle fè pi rapid m fè kèk bagay nan plas li. Men lè m panse ak benefis sa ka genyen pi devan, mwen di tèt mwen se bon poum kite li fè eksperyans.

Mwen swete nou tout bon bagay yo ak timoun yo, paran!

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

11 à 6 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…
6 à 17 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.

Blogue

Partage des tâches familiales: 3 papas immigrants témoignent

Les tâches ménagères c’est l’affaire des femmes, les hommes n’ont rien à voir là-dedans. Avez-vous déjà entendu quelqu’un répéter cette phrase? Ayant vécu en Haïti,…
8 à 6 ans

Article

Médicaments à la maison: comment éviter les intoxications

Que ce soit pour soigner une otite, un vilain rhume ou toute autre maladie, quelle maison n’a pas sa pharmacie personnelle? Mais comment protéger nos…

Blogue

3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou…