Rive adapte pou ka byen viv entegrasyon: tande eksperyans 3 imigran

Retour

Kijan imigran yo ka fè pou yo rive viv nan peyi kote yap viv la? Kijan pou yo ale chèche enfòmasyon yo bezwen yo? Kijan yo ka fè ede timoun yo pran plas yo nan sosyete a san ke yo pa santi yo abandone? Thérèse, Nassi ak Rebecca ki se imigran ap rakonte kòman sa te ye pou yo lè yo te vini Kanada.

* Version en français disponible ici.

Anpil rezon ka fè yon moun kite peyi li pou li ale viv nan yon lòt peyi. Genyen ki ap chèche viv yon lavi ki miyò, gen lòt ki vle fè konesans ak yon lòt kilti, genyen lòt tou kap kouri kite peyi yo poutèt lagè oubyen sa ki vle vin etidye nan yon peyi etranje, elatiye. Kit moun nan vini poukont li oubyen ak timoun, deside vin abite nan yon lòt peyi se yon gwo defi pou moun ki chwazi fè sa. Kèlkeswa rezon on moun ta deplase vin viv nan yon lòt peyi, li ta dwe jwenn yon mwayen pou li adapte li pou li kapab byen entegre l.

Daprè done estatistik Kanada nan lane 2015, lè premye minis Kanada Justin Trudeau te monte sou pouvwa li te pran yon mezi pou fè vini 300 000 mil moun nan peyi a chak ane. Yon desizyon ki bay posiblite a plis moun ki ta renmen vin viv Kanada.

Chak moun viv eksperyans yo yon fason

Lè ou rive nan yon peyi ou gen anpil bagay ki atire atansyon w, gen bagay ki fè w etone. Devan bagay ki nouvo wap rankontre, timoun oubyen granmoun bezwen eseye abitye ak sa yap wè.

Anpil moun pran anpil tan pou yo rive abitye ak fredi ki gen Kanada. Thérèse yon ayisyèn ki te vini Kanada nan lane 2017 ap rakonte: «Peyòd ivè a se te yon gwo defi pou mwen. Mwen viv pandan yon tan nan peyi Bèljik, nan ka sa m ka di mwen abitye ak nèj ak fredi. Men lèm rive isi a, mwen te wè se te yon lòt eksperyans. Isi a gen yon tanperati ki vrèman diferan, epi peryòd fredi a dire anpil tan».

Pou Nassi li menm ki sòti nan peyi Benen, rive konprann zafè tanperati a se te gwo tèt chaje pou li «Mwen pap janm ka bliye dat sa ki se 13 fevriye 2016, li te fè – 30 degre jou sa, mwen pat konprann anyen nan zafè tanperati. Lakay mwen toujou gen bon tan ak bèl solèy. Jou sa, mwen rive Kebèk san manto. Mwen te reziye m pran ti fredi m san rad ki te pèmèt sa. Se sak fè chak mwa fevriye mwen raple m moman sa. Li te vrèman di pou mwen! Sa toujou monte nan lespri m chak mwa fevriye. Jis jounen jodia mwen pa fouti sipòte fredi a».

Pou lòt menm, kesyon lang ak bagay ki ka choke yo se te baryè yo te dwe travèse.

Rebecca ki sòti Ayiti e ki te viv nan peyi Senegal ap di nou. «Menm si mwen te konn pale fransè deja, men fòk mwen te aprann konprann fransè Kebekwa yo pale a».

Menm si yo ka reziste ak tout sitiyasyon... men yo bezwen èd

Chak moun viv eksperyans imigrasyon an yon fason. Nou toujou tande yap di timoun yo pi fasil pou adapte yo nan nenpòt sitiyasyon. Nassi ap rakonte nou: «Lè m te rive isi ak ti pitit mwen an, li te genyen 3 zan, sa pat difisil pou li te rive adapte l. Mwen twouve ke timoun yo rive reyisi entegre yo pi byen ke granmoun yo. Yo toujou renmen konnen epi yo renmen wè bagay tou nèf. Ti pitit mwen an te telman kontan lè li te fenk wè nèj la! Li te rive adapte li byen na gadri a. Jiskounya, tout bagay trè byen pou li. Pou mwen se diferan m toujou pa ka sipòte fredi».

«Jounen jodia li genyen 8 tan, li toujou ta renmen tounen nan peyi nou Benen pou li ka al wè paran nou yo».

Men, menm si timoun yo pi fasil adapte yo se pa yon rezon pou nou kite yo viv eksperyans sa pou kont yo. Kijan nou ka akonpaye yo nan bèl moman sa?

Anpil fwa moun yo debake nan peyi a ak timoun ki nan laj pou al lekòl. Li enpòtan anpil pou paran yo rive konprann kijan lekòl fonksyone nan peyi a, poutèt pou yo ka ede timoun yo rive byen entegre yo. Tank ou gen enfòmasyon sa li toujou pi bon. Yon timoun ki kite lekòl nan peyi l pou li vini yon lòt kote gen anpil kesyon lap poze tèt li: Eske map jwenn lòt zanmi? Eske map renmen pwofesè a? Eske map santim byen? Se yon gwo defi pou li. Se nan moman sa timoun nan vrèman bezwen nou. Se vre menm paran yo bezwen moun ki pou gide yo, men se yo ki pi byen plase pou kapab sekirize timoun nan pou li kapab travèse etap sa.

Chèche gen bon jan relasyon ak moun: sa ede anpil

Se bèl bagay lè wap viv ak bon moun bò kote w. Tout kote w ye wap jwenn moun ede w. Men fòk nou chèche:

  • Gen kontak ak moun ki responsab nan lekòl pitit nou, se yon fason pou nou dekouvri metòd ansèyman ki gen lekòl la. Lè w gen tout enfòmasyon sa ap edew jwenn bon zouti pou ede timoun ou avanse nan lekòl li.
  • Mete ansanm ak pwofesè yo, se yo ki la pou ede timoun nan nan chemen lekòl la.
  • Pran kontak ak lòt paran pou nou ka pataje sa nou konnen ansanm.

Rive sou lòt la pou ka konnen l pi byen

Anpil fwa nou konn gen anpil bagay kap pase nan tèt nou pa rapò ak moun ki pa nan menm gwoup ak nou. Si nou vle rive aksepte lòt moun jan yo ye a, se pou nou ta wè si nou ta ka debarase nou de ide nou gen nan tèt nou de lòt moun. Sa mande pou nan kite pòt lespri nou byen louvri pou sa. Anpil fwa sa ki nan tèt nou pa rapò ak lòt moun fè nou pa vle rete bò kote moun sa. Lè nou rive nan yon peyi, li ta pi bon si tou ta ka pa sèlman rete nan mitan moun ki sòti menm kote ak nou, men pou nou ta chèche konprann kijan lòt moun kote nan ap viv la panse.

Nou souvan renmen konpare kilti pa nou ak kilti pa lòt la. Pou nou evite kreye fristrasyon nan mitan nou, li ta bon si nou mete konparezon nou yo de kote, men pito esye konprann lòt la. Aksepte l ak tout diferans li.

Aksepte lòt la mande pou nou pa chèche ap jije l non plis. Si nou pa konprann fason li fonksyone, chèche poze kesyon konsa na rive evite gen pwoblèm ak lòt moun.

Rebecca ap ba nou ti konsèy sa: «Kite lespri nou ouvè. Gen bon ak  moun ki pa fin bon nèt tout kote. Rive anbrase kilti isi a pandan nap kenbe bon kontak ak kilti peyi nou. Se sa kap ede n fè bon jan ekilib».

Pou nou menm paran ki vini isi a, nou gen wòl pou nou jwe nan edikasyon timoun yo pandan nap ede yo aksepte tèt yo jan yo ye a, epi aksepte moun ki bò kote yo ak tout diferans yo.

Chèche enfòme nou menm anvan nou vini: sa ap ede nou!

Pou nou evite di si n te konnen li ta pi bon anvan nou vini nan yon peyi nou chèche bon jan enfòmasyon sou li. Thérèse ki te vini Kanada nan lane 2017 te itilize sit entènèt pou li te kapab chèche enfòmasyon: «Mwen chèche sou entènèt pou m te kapab jwenn sa m bezwen. Se sa ki t premye zouti mwen». Pou Nassi li menm li te gen mari l ki tap viv isi a deja ki te gentan bati rezo l. Ak sa li te gentan genyen on pakèt enfòmasyon.

Zouti ki ka gide w

Gen anpil òganis ki bay sèvis pou ka ede moun ki fèk vini yo pou ka entegre yo. Men sit kèk nan yo ou ka chèche. CASAI (Centre d’Aide Social aux Immigrants), PROMIS (Aide aux immigrants et réfugiés), Le Mieux-Etre des Immigrants, elatriye.

Ak sa ou ka rive viv peryòd entegrasyon an yon lòt fason.

— Dernière mise à jour: 30 avril 2021

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

16 à 7 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.

Blogue

3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou…
5 à 12 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…
16 à 4 ans

Article

Être le petit nouveau du groupe; guide pour accompagner mon enfant ou mon adolescent à relever le défi.

Peur, résistance, confrontations; pour certains enfants et adolescents, être le nouveau ou la nouvelle peut engendrer de vives réactions. Comment aider mon enfant ou mon…
16 à 6 ans

Article

La rentrée: et si on en faisait notre alliée?

Alors que nous avons les deux pieds bien ancrés dans la rentrée, certains parents et certains enfants sentent le stress les envahir. Mais si le…