Eske m dwe pale lang manman mwen ak pitit mwen?

Retour

«Mwen pè pale lang manman m ak pitit mwen pou mwen pa melanje li pandan li ap aprann pale» Eske yon timoun kapab aprann plizyè lang an menm tan san sa ke sa pa twouble li lè lap aprann pale? Eske sa konn rive ou poze tèt ou kesyon sa, e ou ta renmen jwenn yon repons? Olmaille ap rakonte nou eksperyans li ak pitit fi li Maya, ki genyen 3 zan.

* Version en français disponible ici.

Nan mwa fevriye 2017, yon lòt paj louvri nan lavi m. Mwen vin viv «Canada». Lèm te fenk rive e m tap tande moun yo kap pale, mwen tap mande m si mwen pale menm fransè ak yo. Eske lèm pale yo pral ka konprann mwen? Mwen te santi m on jan jennen akoz aksan mwen! Kote lide sa te sòti, afè lèm pale Kebekwa yo pap konprannn mwen an? Menm pat gen okenn difikilte pou m pale! M te sèlman gen lapèrèz pou koze aksan an, men jodia mwen pa bay tèt mwen pwoblèm pou sa ankò. Mwen aprann konnen tout kalite aksan moun ka genyen nan Kebèk e sa fèm byen lè map tande yo kap pale. Se tankou yon mizik kap jwe nan zorèy mwen.

Lang mwen pale lakay mwen

«Ey Olmaille èske ou pale kreyòl ak pitit ou a?» Se kesyon moun Ayiti ak moun kap viv Kanada konn ap poze m, paske yo bezwen konnen si mwen pataje kilti Ayiti a ak li.

«Wi,wi, mèwi!  M pale kreyòl ak li paske mwen vle li pale ak konprann byen lang manman l ak papa l». Pou kesyon aksan, mwen pa gen preferans. Eske lap gen aksan ayisyen oubyen aksan kebekwa? Lap gen yon aksan melanje, yon tikras ayisyen,yon tikras kebekwa. «C’est ben correct», tankou Kebekwa yo ta di.

Maya se Kebèk lap viv. Li pap gen okenn difikilte pou li pale ak konprann fransè. Pou pèmèt  li aprann kreyòl la pi byen, mwen ak marim te deside nap pale selman kreyòl lè nap adrese l lapawòl.

Se yon fason pou nou aprann li dekouvri  tout sa ki gen nan kilti nou, kote nou sòti. Pale yon lang pa vle di sèlman, aprann gramè, vokabilè lang lan, men se ale nan rasin pèp ki pale li a, epi konprann jan li panse ak jan li viv.

  • Pou mwen li enpotan pou Maya gen bon jan relasyon ak granparan li yo, tonton ak matant li yo, kouzen ak kouzin li yo kap viv Ayiti. Pa gen bagay ki fè kè m kontan konsa lè map tande l kap pale kreyòl ak fanmi m yo.
  • Pou mwen li enpotan pou li aprann renmen kizin ayisyèn nan. Pou li plonje nan rasin li. Pou li santi li byen lè li nan mitan  frè ak sè ayisyen m yo. Epi li ka pwofite pataje yon pati nan kilti kebekwa li ak yo tou!

Li pi fasil pou mwen di tout sa m vle di nan lang kreyòl la sanm pa gen difikilte. Gen kèk mo m konnen an kreyòl, m pa konnen kijan pou m tradwi yo nan lòt lang. Rive tradwi blag kreyòl nou yo an fransè? Bagay sa pa fasil pou mwen. M twouve yo pa fè moun ri.

Eske m dwe pale lang manman m ak pitit mwen oubyen m pa dwe?

Se kesyon sa kèk paran imigran konn poze tèt yo. Se vre gen paran imigran ki pè pale lang manman yo ak pitit yo,  pou timoun nan pa twouve l nan difikilte pou li pale lang peyi lap viv la.

Mwen konprann sousi paran sa yo genyen paske mwen menm tou m te konn poze tèt mwen kesyon sou sa. Avan m te fè Maya, mwen te konn pale ak kèk paran ki pat anvi pale lang manman yo ak pitit yo. Yo petèt gen rezon pa yo, sa ki nòmal. Nou pa gen pou nou pote okenn jijman sou sa. Men genyen tou se pè yo pè pou sa pa melanje timoun nan lè yo pale plizyè lang ak li.

Pandan map di sa, mwen sonje Diding kouzin mwen, k’ap viv Kebèk sa gen plis pase 10 lane, li te panse ti pitit li a te gen yon pwoblèm langaj lè l tap aprann pale. Li te di se paske li melanje kreyòl ak fransè ki fè sa. Kèk tan aprè li vin reyalize timoun nan pat gen okenn difikilte.

Kontrèman ak sa kouzin mwen an te ka panse, gen etid ki montre  li pi fasil pou yon timoun ki pale byen lang manman l aprann yon lòt lang san difikilte, e sa pa vle di si lap aprann de lang ansanm, sa ap fè li gen reta nan langaj li pou sa. Gras ak fason sèvo timoun nan fèt, li gen kapasite pou li aprann plizyè lang an menm tan. Si yon timoun gen difikilte nan langaj li, lap gen difikilte  pou li pale  toulède lang lap aprann yo.

Maya genyen 3 zan, men li gentan konnen ak ki moun li dwe pale fransè e ak kiyès li dwe pale kreyòl. Mwen te kontan tande lè edikatris nan gadri li a tap dim se an fransè li pale ak yo. Li kapap rive fe lyen ant de lang yo. Lakay se kreyòl, nan gadri se fransè. Pafwa li melanje toulède nan menm fraz la. Sa ki pa pwoblèm paske sa konn rive menm nou menm ki granmoun. Sa  m evite fè, se melanje fransè ak kreyòl nan men m fraz la ak li.

Rete an kontak ak lang lan

Moun kap fè etid yo di pou rive aprann pale yon lang fòk ou toujou an kontak ak lang lan. Se poutèt sa mwen fè yon jan pou m fè aktivite ki pèmèt Maya an kontak ak kreyòl toutan. Plis li nan anbyans lang lan, plis lap vin gen enterè pale li. Mwen pa sèlman pale kreyòl ak li nan kay la, men lèm lòt kote mwen toujou pale avèk li an kreyòl. Pou montre politès lè mwen nan mitan moun ki pa konprann lang nou an, mwen pale fransè ak li.

Kijan mwen fè pou li toujou nan anviwonman kreyòl

  • Chak jou mwen rele fanmi m yo Ayiti pou yo ka pale ak Maya.
  • Mwen rakonte l istwa an kreyòl.
  • Lakay la mwen koute radyo ayisyen.
  • Mwen chante an kreyòl ak li.
  • Lè li te gen 22 mwa, mwen te mennen li Ayiti e mwen konte ale ak li souvan.
  • Avan konfinman, mwen te konn mennen li al kay kèk zanmi ayisyen.

Sa ap yon fyète pou mwen lè map gade jan Maya alèz e nan kreyòl e nan fransè, e jan li menm  li kapab santi li byen nan toulèdè kilti li yo. Yon imaj mwen itilize pou m dekri sam swete pou li : mwen wè li tankou yon pyebwa ki gen rasin ayisyen, epi branch ak fèy kebekwa.

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

6 à 17 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.

Blogue

Partage des tâches familiales: 3 papas immigrants témoignent

Les tâches ménagères c’est l’affaire des femmes, les hommes n’ont rien à voir là-dedans. Avez-vous déjà entendu quelqu’un répéter cette phrase? Ayant vécu en Haïti,…

Blogue

3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou…
11 à 6 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…
8 à 6 ans

Article

Médicaments à la maison: comment éviter les intoxications

Que ce soit pour soigner une otite, un vilain rhume ou toute autre maladie, quelle maison n’a pas sa pharmacie personnelle? Mais comment protéger nos…