Yon manman kap etidye an menm tan

Retour

Ou se yon manman epi wap etidye an menm tan? Ou santi dèfwa etidye ak pran swen pitit ou se yon travay ki difisil? Ou santi estrès vle anvayi w? Ou ta renmen jwenn kèk teknik ki ka ede w? Olmaille, yon manman kap etidye ap rakonte nou kijan li fè pou li te ka jwenn ekilib ant pran swen fanmi li ak etidye an menm tan.

* Version en français disponible ici.

Mwen te pwofesè nan lekòl primè an Ayiti, pou kounyea map fè yon lisans nan kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Kisa ki eksplike mwen te nan domèn edikasyon kounye mwen pase nan kominikasyon? Aprè 6 lane ap travay lekòl, mwen te deside bay tèt mwen yon lòt oryantasyon, mwen te vle eseye lòt domèn. Avrèdi, lèm te fenk rive Kebèk sa gen 4 lane, sa te sanble pat fin fè sans poum te retounen lekòl. Kèk kòmantè m te konn ap tande te konn fè m strese kèkfwa.

  •  «Rete, ou kwè tèt ou dwat, poukisa wap tounen lekòl la?»
  • «Ou fenk rive nan yon peyi, premye sa ou wè pou ou fè se ale lekòl? Nan plas ou mwen tap chèche al travay avan si gen tan mwen ta retounen lekòl.»
  • «E si w vin ansent kijan wap fè kontinye etidye epi jere fanmi w?»
  • «Ou byen konprann sa wap fè a?»

Lavi m an tan ke etidyan

Lè m te komanse etidye an 2017, mwen te gen 5 mwa ansent. Avan m te kòmanse al lekòl, mwen te on tikras krenn paske m tap mande tèt mwen kisa lòt etidyan yo ap panse de mwen. Mwen tap mande èske yo pa ta pral gade m dwòl akoz vant mwen ki gwo. Rezon ki fèm tap panse konsa se parapò ak kijan sa ye an Ayiti. Li pa fasil pou wè yon fi ki ansent deside ale lekòl. Li on ti jan konplike pou ou fè sa. Mwen te krenn tou pou m pat ka kontinye swiv kou mwen yo a koz dèfwa mwen konn santi m fatige. Finalman tout bagay te byen, mwen te rive entegre m nan inivèsite a san traka. Gen yon pwogram ke inivèsite a genyen ki rele « jumelage » ki pèmèt yon ansyen etidyan bay sipò ak yon nouvo, se sa ki te fasilite entegrasyon m.

San m pa t rann mwen kont, mwen te jwenn anpil motivasyon depi premye semèn lekòl la. Premye sesyon an te byen pase. Mwen pat janm konn manke yon kou. Men sa te konn rive m dòmi nan kou yo lè pwofesè yo ap travay. Bon se konsa sa te ye pou mwen. Dèfwa m sonje m te konn prefere kanpe poum swiv kou poutèt pou dòmi pat pran m.

Lavi manman

Nan peryòd ivè 2018, mwen te vin manman pou premye fwa. Yon lòt paj te louvri nan lavi m, anpil bagay pou m te aprann. Se pat menm vi mwen tap viv avan. Anpil sipriz! Kounye kijan poum fè pou m jere de mòd lavi sa?

Nesans Maya te chanje lavi m nèt. Pran swen li ak jere lekòl la te parèt pi difisil ke m te panse, malgre m te jwenn sipò mari m. M te bezwen pran tan pou m te kapab jere de sitiyasyon sa yo. Mwen te oblije abandone yon sesyon nan invèsite paske m te vle pase plis tan ak pitit mwen. Mwen pat janm evalye a ki pwen ke yon manman vle di aksepte fè sakrifis pou pitit li kapab byen.

  • Mwen aprann rete ak je m kale pandan nwit yo paske li menm tou li pat domi.
  • Mwen aprann neglije kòm pou m ka pran swen l.
  • Mwen aprann kite kay mwen san fè travay pou m pase plis tan ak li.
  • Mwen aprann kite tan poum te manje pase pou m te kapab ba li tete.
  • Mwen aprann chanje pozisyon kèk bagay nan kay la pou m ka kreye plis espas pou li bouje lè l te kòmanse mache.
  • Mwen aprann mete randevou m pou lòt dat lè gadri a rele m paske Maya pa pote li byen.
  • Mwen aprann kenbe l nan bra m pandan map fè devwa pou inivèsite a.
  • Mwen aprann pa ale nan kou pou m kapab mennen l nan ijans lopital.

Yon lòt fason m viv, yon lòt jan m organize

Mèwi ak tout changman sa yo fòk mwen te kapab jwenn yon lòt fason pou m fonksyone. Anvan, m tap etidye a tan plen, men m vin reyalize ke m pap ka kontinye ak 4 kou, alò m te deside diminye nan kantite a.

Yon manman genyen anpil defi. Li tout tan okipe. Se nòmal ke m santi m fatige kèk fwa, men sa ki enpòtan m pa santim koupab poutèt m pa ka fè tout bagay. Mwen te fè sa m ka fè. Lè m santi m pa kapab, m pa pè mande yon moun sipò li.

Li ka difisil, men li pa enposib. Prèv la se ke mwen rive pase piwo ke tout difikilte yo e kounyea mwen prèske finti ak etid la e m santi m fyè de sa.

Lè m te vin rann mwen kont ke m pa tap ka rive kote m prale a nan tan m te vle a, mwen ranje kò m byen chita sou chèz mwen pou m pwofite de tout bèl bagay ki sou wout mwen pandan map vwayaje. Mwen pran tout tan m pou m pwofite de chak segond, chak minit, chak èd tan m te pase bò kote pitit mwen an pandan premye ane lavi li yo. M pap janm regrèt paske m te kite tan pase.

Biographie

Manman epi asistan kominikasyon

Olmaille sòti Pòtoprens, li te vin viv Kebèk nan lane 2017. Li marye e li se manman yon ti pitit fi ki genyen 3 zan, li fè 6 zan ap travay kòm pwofesè nan lekòl an Ayiti. Pou kounyea lap etidye nan domèn kominikasyon nan Inivèsite Monreyal. Aprè li fin etidye, li souwete travay nan tout sa ki gen rapò ak kominikasyon entèn ak ekstèn. Li enterese tou travay nan jere medya sosyal yo. Olmaille se yon moun ki renmen pran kontak ak moun. Li renmen fè zanmi, sa ki fèl byen se wè tout moun bò kote l ap viv ak kè kontan. Li pran plèzi l nan ede moun ki nan bezwen. Pase tan ak fanmi, zanmi l yo, gade bèl bagay ki gen nan anviwonman li, fè benevola fè pati de bagay ki pasyone li.

Lire la suite →

Sur le même thème

6 à 17 ans

Article

Élections provinciales: que dire aux enfants?

À l’approche des élections provinciales du 3 octobre prochain, prenons quelques minutes pour expliquer quelques concepts électoraux à nos enfants.

Blogue

3 papa ki vin viv Kanada ap temwaye kijan sa ye pou yo lè yo mete men nan travay nan kay la

Afè fè travay nan kay se koze fanm, bagay sa pa pou gason. Sa deja rive w ou tande kèk moun repete pawòl sa? Pou…
5 à 17 ans

Article

Naviguer dans l’univers des jeux vidéo: un guide pour les parents

À l'ère numérique actuelle, les jeux vidéo sont devenus une composante incontournable dans la culture des jeunes. Ils offrent des mondes vastes et immersifs où…
11 à 6 ans

Article

Les émotions de nos enfants: une psychologue nous éclaire

Comme parents, nous pouvons parfois nous sentir mal outillés quand vient le temps d’accompagner notre enfant dans la bonne gestion de ses émotions. Que dire…
5 à 17 ans